UMass Memorial Health angaje li pou li bay chak pasyan pi bon swen. Pou fè sa, nou bezwen konprann chak pasyan epi lavi yo otank posib.
Se poutèt sa n ap poze ou — ak tout pasyan nou yo — plis kesyon sou ras ou, etnisite, lang, oryantasyon seksyèl, idantite sèks ou, andikap ak faktè sosyal sante ou: pou nou ka konnen w pi byen epi asire nou satisfè bezwen w yo.
Nou rekonèt atravè peyi a, moun yo fè fas a inegalite nan swen sante akòz kategori sa yo. Nan UMass Memorial, nou vle fè tout sa nou kapab pou elimine diferans sa yo epi asire tout moun resevwa pi bon swen posib.
Si ou gen yon kont myChart, tanpri konekte kounye aepi mete ajou enfòmasyon pèsonèl ou yo. Si ou poko genyen yon kont myChart, aprann plis sou myChart ak kòman pou w enskri.
Sa ou pataje yo rete nan dosye medikal ou a. Yo rete prive epi lalwa pwoteje yo. Ou pa oblije reponn kesyon sa yo. Se chwa ou.
N ap mande ou tou pou w mete ajou enfòmasyon pèsonèl ou yo lè w vin nan UMass Memorial Health pou yon randevou oswa pou ospitalizasyon.
Nou poze kesyon paske nou sousye nou pou ou ak tout pasyan nou yo. Aprann plis isit la.
Mèsi paske ou ede nou ba ou pi bon swen.
Sensèman,
Arvin Garg, MD, MPH
Direktè Asosye Kalite Swen pou Ekite Sante
UMass Memorial Health