Rezime Politik Pwogram Asistans Finansye A
Apèsi
Se politik UMass Memorial Health (“UMMH”) pou bay sèvis swen gratis oswa ak rabè bay pasyan ki montre bezwen finansye pou swen medikal, ijan ki nesesè nan tout zòn lopital sa yo: UMass Memorial Medical Center, UMass Memorial - Clinton Hospital, UMass Memorial - HealthAlliance Hospital, UMass Memorial - Marlborough Hospital, ak UMass Memorial - Harrington Hospital ak UMass Memorial Milford Regional Medical Center. UMMH bay plizyè opsyon pou diminye depans dirèk pou pasyan ki demontre bezwen finansye, tankou ede pasyan anrejistre nan pwogram Health Safety Net ak lòt Pwogram asirans yo, Commonwealth of Massachussetts esponnsorize, rabè sou pèman byen rapid ak Pwogram Asistans Finansye UMMH yo dekri anba. Anplis, UMass Memorial Medical Group ofri yon pwogram asistans finansye sou baz frè ki kapab varye.
Kijan pou Kalifye
Gen asistans finansye ki disponib pou pasyan yo ak manm fanmi yo kote revni kay la mwens pase 600% liy direktiv povrete federal la. Si ou kalifye, yo pa pral chaje w plis pase kantite yo souvan chaje pasyan ki gen asirans yo.
Pou ou kapab detèmine, kalifye, ou dwe:
- aplike pou tout asistans medikal eta oswa gouvènman an ou ka kalifye.
- ranpli, siyen ak mete dat Pwogram Asistans Finansye a.
- bay prèv verifikasyon tout revni kay la.
- retounen aplikasyon ou ranpli an bay Depatman Konsèy Finansye.
Fason pou Aplike
Kontakte Depatman Konsèy Finansye pasyan an pou mande gratis, yon kopi papye Asistans Finansye ak Politik Kredi ak Koleksyon an, aplikasyon Asistans Finansye ak enstriksyon sou kijan pou w ranpli li. Ou kapab fè demann sa nan telefòn, fas-a-fas oswa nan imèl.
Enfòmasyon pou kontakte konsèy finansye UMass Memorial Medical Center:
- Telefòn: 508-334-9300
- Imèl: needinsurance@umassmemorial.org
- Adrès: 67 Millbrook Street, MA 01606