Rezime Politik Pwogram Asistans Finansye A
Gade paj sa a nan lòt lang:
English | Español | Português | العربية | Tiếng Việt | Shqip
Se politik UMass Memorial Health (“UMMH”) pou bay sèvis swen gratis oswa ak rabè bay pasyan ki montre bezwen finansye pou swen medikal, ijan ki nesesè nan tout zòn lopital sa yo: UMass Memorial Medical Center, UMass Memorial Health – HealthAlliance-Clinton Hospital, UMass Memorial Health – Harrington Hospital, ak Milford Regional Medical Center.
Nou bay plizyè opsyon pou diminye depans dirèk pou pasyan ki demontre bezwen finansye, tankou ede pasyan yo enskri nan pwogram Health Safety Net la, ak lòt pwogram asirans, patwone pa Commonwealth of Massachusetts, rabè pou peman rapid, plan peman, ak Pwogram Asistans Finansye UMass Memorial Health. Anplis de sa, UMass Memorial Medical Group ofri yon pwogram asistans finansye apa sou yon baz frè glisman.
Kijan pou Kalifye
Gen asistans finansye ki disponib pou pasyan yo ak manm fanmi yo kote revni kay la mwens pase 600% liy direktiv povrete federal la. Si ou kalifye, yo pa pral chaje w plis pase kantite yo souvan chaje pasyan ki gen asirans yo.
Pou ou kapab detèmine, kalifye, ou dwe:
- aplike pou tout asistans medikal eta oswa gouvènman an ou ka kalifye.
- ranpli, siyen ak mete dat Pwogram Asistans Finansye a.
- bay prèv verifikasyon tout revni kay la.
- retounen aplikasyon ou ranpli an bay Depatman Konsèy Finansye.
Kontakte Kou
Pou plis enfòmasyon, oubyen pou mande, gratis, yon kopi papye Règleman sou Èd Finansye ak Kredi ak Koleksyon an, aplikasyon pou Èd Finansye a, ak enstriksyon sou kijan pou ranpli li, tanpri kontakte pa telefòn, an pèsòn, oubyen pa imèl:
UMass Memorial Health Financial Counseling Department
67 Millbrook Street
Worcester, MA 01606
Phone: 508-334-9300
Email: needinsurance@umassmemorial.org