UMass Memorial Health ap travay di pou l bay tout pasyan, vizitè ak moun k ap bay swen yo yon anviwònman akeyan epi enklizif. Nou pa fè okenn diskriminasyon kont okenn moun selon koulè po yo, ras yo, relijyon yo, kwayans yo, sèks yo, idantite jan yo, oryantasyon seksyèl yo, laj yo, andikap yo, orijin etnik yo, estati yo kòm ansyen sòlda oswa sitwayènte yo.
Nou pran angajman pou:
Respekte tout divèsite moun ki egziste lè n ap bay swen ki adapte ak kilti moun yo epi ki fèt ak respè.
Diminye diferans ak inegalite nan swen sante yo. Bay swen ak bèl akèy, ki sipòte epi ki pèsonalize, ki rekonèt chak pasyan kòm yon moun inik. Bay swen kalite ak pi bon rezilta pou tout pasyan. Nou respekte dwa ou kòm yon pasyan e nou rekonèt bezwen pèsonèl ou nan swen sante. Nou vle patnè w nan pran desizyon ki gen pou wè ak swen medikal ou. Se poutèt sa, responsablite nou se bay ou swen ki gen konsiderasyon ak respè, asire ou byen enfòme sou kondisyon ak tretman ou, epi kenbe vi prive ou ak konfidansyalite ou. Ou ka ede nou nan patenarya sa a lè ou mande klarifikasyon sou sa ou pa konprann, lè ou fè konnen nenpòt chanjman nan sante ou, epi lè ou pran desizyon ki byen enfòme.
Dwa pasyan yo, divilgasyon ak enfòmasyon selon etablisman lopital la: