You are here

Kesyon yo poze souvan: Nosso plano para garantir o acesso aos recursos de saúde

View this page in other languages: Spanish, PortugueseEnglish

Poukisa HealthAlliance-Clinton Hospital te fèmen Inite Matènite pou Pasyan Ki Entène li a?

Pi gwo priyorite HealthAlliance-Clinton Hospital se sante ak byennèt pasyan ak kominote nou yo, epi, ladan li gen asire nou tout sèvis nou bay yo aksesib epi yo gen bonjan kalite. 

  • HealthAlliance-Clinton Hospital toujou pran san li pou egzamine fason nou bay pasyan ak kominote nou ap sèvi yo swen, ak fason pou pi byen asiyen resous yo pou soutni pasyan toupatou nan rejyon an.
  • Nan kad pwosesis sa a, HealthAlliance-Clinton Hospital te evalye enpak sa genyen sou sèvis yo lefètke manke doktè ak manm pèsonèl klinik nan inite matènite pou pasyan ki entène nou an, ki toujou la toupatou nan peyizaj swen sante a, ansanm ak kantite akouchman yo ki pa sispann bese.
  • Sou baz evalyasyon sa a, epi lefètke nou detèmine kantite manm pèsonèl ak kantite akouchman yo ki bese a gen yon gwo enpak sou dirabilite inite a, nou te soumèt yon avi bay Depatman Sante Piblik la (DPH) ak tout pati ki konsène yo pou nou pwopoze yo fèmen sèvis matènite pou pasyan ki entène yo nan HealthAlliance-Clinton Hospital. 
    • Malgre gen plizyè ane depi nou ap fè efò ak tout volonte nou pou anboche manm pèsonèl, pou ensite yo fè anbochman, pou achte ekipman dènye kri epi pou modènize etablisman an, manm pèsonèl pou pòs enpòtan nan inite Lopital la te kontinye bese. 
    • Nou atann pou kesyon manke obstetrisyen, enfimyè ak lòt pwofesyonèl klinik la vin pi grav toujou – sa ki ap lakoz vin pa gen ase manm pèsonèl nan inite matènite a, epi nou p ap kapab bay swen ki apwopriye yo tout lè, sa ki ap lakoz gen risk ki pa itil pou pasyan ki ap akouche epi pou tibebe ki fèk fèt yo.
  • Apre nou fin byen respekte pwosesis verifikasyon DPH yo pou kesyon fèmen sèvis ki esansyèl yo, nou te fèmen inite matènite HealthAlliance-Clinton Hospital pou pasyan ki entène a nan dat 23 septanm 2023. Sa pa afekte aksè kominote a genyen nan swen anvan nesans ak swen apre nesans yo, ki ap kontinye nan rejyon sa a.
  • Aktout kesyon fèmen inite sa a te vrèman nesesè sou baz pwennvi klinik, nou konprann, nan domèn emosyonèl, desizyon sa a fè anpil moun mal, sitou pasyan ak anplwaye nan HA-C yo, amsam, ak tout moun nan kominote a. Pandan nou ap gade devan, nou rete detèmine pou bay swen eksepsyonèl, ki konpetan nan domèn kiltirèl, epi ki chaje konpasyon, toutpandan nou ap ranfòse epi elaji resous nou yo pou tout moun ki nan bezwen.

Kilè inite a te fèmen epi ki kantite anplwaye ki konsène?

Inite matènite pou pasyan ki entène nan HealthAlliance-Clinton Hospital la te fèmen nan dat 23 septanm 2023. Nou gen anpil rekonesans anvè moun nou yo ki ap bay swen epi ki gen konpasyon yo, ki te ede plizyè milye paran ak fanmi kontinye nan vwayaj akouchman epi pou akeyi nouvo moun ki enpòtan nan lavi yo pandan plizyè deseni. Menm jan ak lòt pwofesyonèl swen sante toupatou nan endistri a, nou ap rankontre gwo pwoblèm akoz manke travayè, sa ki fè defi manm pèsonèl inite a jwenn yo vin pi plis. Nou te pwopoze moun ki ap bay swen ki afekte akoz nou fèmen inite a, lòt pòs nan Lopital la oswa nan sistèm UMass Memorial Health.  

Ki opòtinite yo te ofri manm pèsonèl sa afekte yo, nan sistèm UMMH la? Ki patenarya sistèm nan te mete sou pye pou plase manm pèsonèl sa afekte yo yon lòt kote? 

Nou konprann jan kesyon fèmen an difisil pou moun nou yo ki ap bay swen epi sa afekte yo, epi nou te fè tout efò nou kapab pou travay avèk yo, yon fason pou nou jwenn lòt pòs nan sistèm UMass Memorial la nan mezi sa posib. 

Konbyen pasyan ki afekte nan kesyon fèmen an? 

  • Garanti yon aksè ki ekitab nan swen yo se yon pwen enpòtan nan misyon HealthAlliance-Clinton Hospital, epi sa rete priyorite nou apre nou fin fèmen. 
  • Gen mwens pase 500 akouchman ki fèt nan HealthAlliance-Clinton Hospital chak ane, men, kantite sa a pa sispann diminye chak ane. Sa reprezante an mwayèn mwens pase de (2) akouchman chak jou, epi, pafwa yon (1) sèl oswa anyen ditou. 
  • Nou ap kontinye travay nan tèt kole ak founisè swen obstetrik epi pedyatrik nan kominote a, pou kontinye bay aksè nan swen anvan nesans ak swen apre nesans yo. Epitou, nou ap envesti $600,000 nan lòt òganizasyon kominotè pou soutni bezwen fi ki ansent ansanm ak fi ki ap akouche ki pi vilnerab nan kominote lokal nou yo.
  • Nou deja oryante tout pasyan nan klinik lokal yo epi ki gen gwo risk yo bay yon OB/GYN nan Medical Center akoz kapasite li genyen pou bay swen ki pi konplike ak plis resous.    

Ki kote pasyan yo prale? Ki lòt sèvis ki disponib nan lokal la? 

Pasyan yo toujou gen posibilite pou resevwa swen anvan nesans ak swen apre nesans nan menm klinik OB/GYN lokal la jan yo ap fè sa kounye a.

  • Pasyan afekte akoz nou fèmen inite a kapab akouche nan sistèm UMass Memorial Health la nan UMass Memorial Medical Center, oswa yo kapab chwazi resevwa swen nan youn nan pakèt lòt lopital gwo kalite ki bay swen obstetrik nan rejyon an. Anpil pasyan nan kominote nou an deja chwazi akouche nan Medical Center, san wete moun ansent ki gen gwo risk. 
  • Nou ap kontinye travay nan tèt kole ak founisè swen obstetrik epi pedyatrik nan kominote a, pou kontinye bay aksè nan swen anvan nesans ak swen apre nesans yo. Nou ap kontinye kominike regilyèman ak founisè sa yo pandan tout tranzisyon an, yon fason pou sa fèt san pwoblèm otank posib pou pasyan yo. 
  • Epitou, aktyèlman nou ap evalye bezwen kominote a epi nou ap analize pwoblèm kesyon resous yo yon fason pou eklere estrateji envestisman kominotè nou an epi pou asire nou priyorize ekite nan kesyon sante. Evalyasyon sa a ap ankadre angajman nou pran pou envesti prèske $600,000 nan sante medam yo grasa mwayen transpò ak amelyorasyon aksè epi ranfòsman resous pou soutni sèvis anvan akouchman epi apre akouchman pou manman, moun ki ap akouche yo, ak tibebe yo. 

Kijan yo pral transpòte pasyan yo nan lòt sèvis lokal yo? 

Garanti yon aksè ki ekitab nan swen yo se yon pwen enpòtan nan misyon HealthAlliance-Clinton Hospital, epi sa rete priyorite nou apre nou fin fèmen. 

  • Nou ofri yon sèvis transpò gratis 24/7/365, sot yon katye al nan lòt, pou ale nan UMass Memorial Medical Center, pou fi ansent ki gen pwoblèm transpò yo epi ki se pasyan founisè nan North Central Massachusetts ki ap patisipe yo. 
  • Nou pwopoze sèvis sa a pa mweyen GoGo, yon sèvis ki travay ak yon seri konpayi tankou Uber ak Lyft pou bay yon transpò sekirize pandan tout jounen an ak tout nuit lan. Se yon sèvis transpò pou bagay ki ijan ak bagay ki pa ijan. Gen sèvis entèprèt ki disponib tou.
  • Pasyan yo dwe toujou rele 911 si yo bezwen sèvis medikal an ijans.

Èske HealthAlliance-Clinton Hospital kapab jere kesyon akouchman an ijans? 

Wi. Sèvis dijans ki sou Kanpis Clinton ansanm ak Leominster nan HealthAlliance-Clinton Hospital la ap kontinye jere ka ki ijan yo lè yo rive, epi yo ap asire yo manm pèsonèl yo prepare pou bay sèvis an ijans nan domèn obstetrik. 

 

Èske Medical Center kapab jere kesyon akouchman anplis la? 

Wi. UMass Memorial Medical Center gen ase manm pèsonèl ak kapasite fizik pou aksepte tout akouchman ki ap fèt aktyèlman nan HealthAlliance-Clinton Hospital. Kòm nou prevwa pou kantite pasyan yo vin ogmante, nou te pran plizyè mezi pou amelyore resous ki disponib pou inite matènite pou pasyan ki entène nan Medical Center a. 

  • Nou te ogmante kantite manm pèsonèl ki responsab kesyon travay anvan akouchman ak akouchman yo, avèk yon kantite enfimyè konplè ki gen lisans, epi nou te asiyen lòt klinisyen ak founisè pratisyen avanse pou amelyore efikasite nan kesyon triyaj ak swen apre nesans yo. 
  • Talè konsa, pral gen yon espesyalis nan Medsin Manman ak Tibebe nan Vant ki prezan nan inite travay anvan akouchman ak akouchman yo pandan jounen an pou soutni sèvis depistaj anvan nesans nou an, epi pou asire kontinuite pou pasyan ansent ki gen gwo risk ak pasyan ki fin akouche yo. 

 

Èske ap gen lòt rediksyon pwogram oswa fèmti nan HealthAlliance-Clinton Hospital? 

HealthAlliance-Clinton se yon òganizasyon ki solid, estab epi ki ap pwospere, ki toujou ap evalye bezwen kominote a epi ki envesti nan yon seri sèvis ki konble bezwen pasyan nou yo genyen nan kesyon sante. Menmsi nou pa gen okenn lòt plan pou redui pwogram yo aktyèlman, nou dwe toujou evalye pwogram ak sèvis nou yo yon fason pou pi byen oryante resous nou yo pou soutni kominote nou ap sèvi toupatou nan rejyon an. Pandan dènye ane ki pase yo, HealthAlliance-Clinton Hospital, kanpis Leominster a, te envesti nan sèvis sante dènye kri pou kontinye bay swen nan kominote a epi pou konble bezwen pasyan yo genyen aktyèlman. 

  • Nan envestisman sa yo gen kreyasyon yon nouvo Sèvis Djans, yon nouvo Sant Dyabèt nan Fitchburg Family Practice, ak yon seri nouvo lokal pou Klinik Miltidisiplinè, ansanm ak yon nouvo Sant Kansè ak yon Sant Byennèt. 
  • Ane sa a, nou te lanse yon Inite Swen Pwolonje pou pran swen pasyan ki soufri maladi konplike yo. 
  • Epitou, nan sezon otòn, nou ap ofri yon pwogram Medsin Espò ki ap pèmèt yon seri espesyalis nan UMass Memorial Health vin nan Leominster. 

 

 

 

​Ki fason HealthAlliance-Clinton Hospital prevwa envesti nan kominote a apre pwojè sa a yo genyen pou fèmen an? 

Angajman nou pran anvè pasyan nou yo ak kominote nou ap sèvi a ale pi lwen pase miray etablisman nou yo. Grasa Fon Detèminasyon Bezwen yo, nou te distribiye 25 sibvansyon bay yon seri òganizasyon kominotè. Rive jodi a, nou distribiye plis pase $1.4 milyon dola nan $2.35 milyon nou te atribye pou envesti nan kominote a, pou konble priyorite ki egziste nan kesyon sante kominotè yo. 

Epitou, aktyèlman nou ap evalye bezwen kominote a epi nou ap analize pwoblèm kesyon resous yo yon fason pou eklere estrateji envestisman kominotè nou an epi pou asire nou priyorize ekite nan kesyon sante. Evalyasyon sa a ap ankadre angajman nou pran pou envesti prèske $600,000 nan sante medam yo grasa amelyorasyon aksè epi ranfòsman resous pou soutni sèvis anvan akouchman epi apre akouchman pou manman, moun ki ap akouche yo, ak tibebe yo.

  • Nou ap adapte evalyasyon bezwen nou yo pou konsantre sou plizyè popilasyon ki gen risk, tankou moun ki gen revni fèb; moun BIPOC; moun ki gen andikap; moun ki gen pwoblèm akoz itilizasyon dwòg ak alkòl; moun LGBTQIA+; ak lòt moun. 
  • Nou te angaje Health Resources in Action (HRIA), antanke lòt moun nou fè konfyans, pou fasilite epi soutni efò nou ap fè pou evalye epi kolekte done yo. 
  • Efò nou ap fè yo se pou chèche soutni zòn sèvis HealthAlliance-Clinton Hospital, kanpis Leominster, ki gen ladan Ashburnham, Ashby, Bolton, Clinton, Fitchburg, Gardner, Harvard, Lancaster, Leominster, Lunenburg, Princeton, Sterling, Townsend, epi Westminster.