You are here

Nosso plano para garantir o acesso aos recursos de saúde

 English | Espanyòl | Pòtigè 

UMass Memorial HealthAlliance-Clinton Hospital, Kanpis Leominster, pran angajman pou kontinye bay swen nan kominote a apre li fin fèmen inite matènite pou pasyan ki entène li a nan dat 23 septanm 2023.

Nou pran desizyon pou fèmen inite a akoz pa gen anpil travayè epi kantite akouchman yo ap bese, sa ki gen enpak sou kapasite nou genyen pou fè inite a fonksyone. Malgre plizyè ane nou fè ap envesti nan sèvis matènite nou an, nou p ap kapab bay swen ki apwopriye yo toutan ankò apre 23 septanm 2023, sa ki reprezante yon risk pou pasyan yo ak tibebe ki fèk fèt yo. Se poutèt sa nou pran desizyon difisil, men, ki nesesè nan domèn medikal, pou nou fèmen inite a.

Apre nou fin fèmen, pasyan yo ap kontinye gen posibilite pou resevwa swen anvan nesans ak swen apre nesans nan menm klinik obstetrisyen ak jinekològ epi nan men medsen familyal yo jan yo ap fè kounye a, epi nou ap bay resous anplis pou soutni klinik sa yo. Epitou, nou ap bay yon transpò sot yon katye al nan lòt 24 èdtan chak jou pou konble bezwen pasyan pou sèvis matènite ki pa ijan yo. Pou ede moun ki pi vilnerab nan North Central Massachusetts yo, nou ap envesti plis pase $600,000 pou konble bezwen pasyan yo pou kesyon anvan nesans epi apre nesans.

Transpò pou Pasyan yo

Nou ofri yon sèvis transpò gratis 24/7/365, sòt yon katye al nan lòt, pou ale nan Memorial Campus UMass Memorial Medical Center a, pou fi ansent ki gen pwoblèm transpò epi ki se pasyan founisè nan North Central Massachusetts ki ap patisipe yo. Nou pwopoze sèvis sa a pa mwayen GoGo, yon sèvis ki travay ak yon seri konpayi tankou Uber ak Lyft pou bay yon transpò sekirize pandan tout jounen an ak tout nuit lan. Se yon sèvis transpò pou bagay ki ijan ak bagay ki pa ijan, epi, gen sèvis entèprèt ki disponib tou. Pasyan yo dwe toujou rele 911 si yo bezwen sèvis medikal an ijans.

Transpò Dijans

Pwotokòl sou fason Sèvis Medikal Ijan yo (EMS) reponn apèl dijans pou kesyon travay anvan akouchman epi akouchman yo p ap chanje akoz nou fèmen inite matènite pou pasyan ki pa entène nou an. Nou kapab oryante yon pasyan ki bezwen swen ijan nan lopital ki pi pre lakay li pou yon evalyasyon dijans, oswa nou kapab pran desizyon pou transpòte pasyan an nan yon lopital ki espesyalize nan swen obstetrik, jan nou abitye fè sa. Epitou, nou kapab bay apwobasyon pou transpòte yon pasyan, ki nan travay pou akouchman, pou ale nan yon lòt lopital si eta pasyan an estab, epi pa gen risk pou mete pasyan ki ap akouche a oswa fetis la an danje.

Pa gen anpil akouchman ki nesesite yon transpò dijans. Sa vle di lefètke nou fèmen inite matènite pou pasyan ki entène yo, sa p ap gen anpil oswa sa p ap gen enpak sou EMS. Nou kominike regilyèman avèk founisè EMS yo, ansanm ak sèvis polis ak ponpye lokal yo, pou pale sou enpak sa kapab genyen lefètke nou fèmen inite a, epi nou ap kontinye travay avèk yo pou kolekte epi egzamine done yo yon fason pou diminye pwoblèm ki kapab genyen yo.

Sèvis Dijans

Sèvis Dijans HealthAlliance-Clinton Hospital la, ki te gen gwo travay renovasyon an 2020, kapab jere nenpޝòt ogmantasyon ki kapab genyen nan kantite pasyan yo akoz nou fèmen inite matènite pou pasyan ki entène yo. Manm pèsonèl medsin dijans nou an jwenn fòmasyon pou jere ijans obstetrik, epi yo ap resevwa fòmasyon anplis pou konplete ekspètiz aktyèl yo a. Se ap sitou fòmasyon nan swen neyonatal, evalyasyon fetis, similasyon avèk ekipman epi pwosedi obstetrik dijans, epi egzèsis entèvansyon dijans avèk tout manm pèsonèl ki apwopriye yo.

Kapasite Nan Lòt Sant Akouchman yo

Inite akouchman nan UMass Memorial Medical Center, nan Emerson Hospital, Heywood Hospital ak nan St. Vincent Hospital yo gen espas ak manm pèsonèl pou aksepte nouvo pasyan apre nou fin fèmen inite nou an. Nou mete lèt disponib pou founisè lokal ki ap patisipe yo, yon fason pou asire nou pasyan yo konnen lòt lokal ki gen nan zòn nan pou travay anvan akouchman epi pou akouchman.

Inite matènite Medical Center ki nan Memorial Campus nan 119 Belmont Street la nan Worcester, poukont li kapab pran resonsabilite tout akouchman ki ap fèt aktyèlman nan HealthAlliance-Clinton Hospital la chak ane. Epitou, Medical Center te pran mezi pou ogmante kantite manm pèsonèl ki responsab travay anvan akouchman ak akouchman yo, avèk yon kantite enfimyè konplè ki gen lisans; li te asiyen lòt klinisyen ak founisè pratisyen avanse pou amelyore efikasite nan kesyon triyaj ak swen apre nesans yo; epi li ap amelyore pwoteksyon Medsin Manman ak Tibebe nan Vant (MFM) ki gen gwo risk yo pou ajoute yon sou-espesyalis ki la pou MFM, ki, pami lòt bagay yo, ap soutni sèvis depistaj anvan nesans nou an epi asire kontinuite pou pasyan ansent ak pasyan apre nesans ki gen gwo risk yo.

Epitou, Medical Center gen abitid akeyi epi bay diferan pasyan ansanm ak kominote koulè yo sèvis yon fason ki aktif. Pasyan yo ap gen aksè nan yon pwogram Aksè Lengwistik konplè ansanm ak Sèvis Entèpretasyon 24/7, ki ap ede yo konble bezwen kiltirèl ak lengistik yo pandan yo ap resevwa swen nan Medical Center.

Envestisman nan Kominote a

HealthAlliance-Clinton se yon òganizasyon ki solid, estab epi ki ap pwospere, ki toujou ap evalye bezwen kominote a epi ki envesti nan yon seri sèvis ki konble bezwen pasyan nou yo genyen nan kesyon sante. Pandan dènye ane ki pase yo, HealthAlliance-Clinton Hospital, kanpis Leominster, te envesti nan sèvis sante dènye kri pou kontinye bay swen nan kominote a epi pou konble bezwen pasyan yo genyen aktyèlman. 

  • Nan envestisman sa yo gen kreyasyon yon nouvo Sèvis Djans, yon nouvo Sant Dyabèt nan Fitchburg Family Practice, ak yon seri nouvo lokal pou Klinik Miltidisiplinè, ansanm ak yon nouvo Sant Kansè ak yon Sant Byennèt. 
  • Ane sa a, nou te lanse yon Inite Swen Pwolonje pou pran swen pasyan ki soufri maladi konplike yo. 
  • Epitou, nan sezon otòn, nou ap ofri yon pwogram Medsin Espò ki ap pèmèt yon seri espesyalis nan UMass Memorial Health vin nan Leominster. 

Angajman nou pran anvè pasyan nou yo ak kominote nou ap sèvi a ale pi lwen pase miray etablisman nou yo. Grasa Fon Detèminasyon Bezwen yo, nou te distribiye 25 sibvansyon bay yon seri òganizasyon kominotè. Rive jodi a, nou distribiye plis pase $1.4 milyon dola nan $2.35 milyon nou te atribye pou envesti nan kominote a, pou konble priyorite ki egziste nan kesyon sante kominotè yo. 

Epitou, aktyèlman nou ap evalye bezwen kominote a epi nou ap analize pwoblèm kesyon resous yo yon fason pou eklere estrateji envestisman kominotè nou an epi pou asire nou priyorize ekite nan kesyon sante. Evalyasyon sa a ap ankadre angajman nou pran pou envesti prèske $600,000 nan sante medam yo grasa amelyorasyon aksè epi ranfòsman resous pou soutni sèvis anvan akouchman epi apre akouchman pou manman, moun ki ap akouche yo, ak tibebe yo.

Nou ap adapte evalyasyon bezwen nou yo pou konsantre sou plizyè popilasyon ki gen risk, tankou moun ki gen revni fèb; moun BIPOC; moun ki gen andikap; moun ki gen pwoblèm akoz itilizasyon dwòg ak alkòl; moun LGBTQIA+; ak lòt moun. Nou te angaje Health Resources in Action (HRIA), antanke lòt moun nou fè konfyans, pou fasilite epi soutni efò nou ap fè pou evalye epi kolekte done yo. Efò nou ap fè yo se pou chèche soutni zòn sèvis HealthAlliance-Clinton Hospital, kanpis Leominster, ki gen ladan Ashburnham, Ashby, Bolton, Clinton, Fitchburg, Gardner, Harvard, Lancaster, Leominster, Lunenburg, Princeton, Sterling, Townsend, epi Westminster.